L'amour du Christ pour l'humanite
« Car Dieu a tant aimé le monde, qu'Il a donné son Fils unique, afin que quiconque croit en Lui ne périsse point, mais qu'il ait la vie éternelle. — Jean 3:16 »
Baze sou pi gran istwa vrè nan mond lan. Aktè a jwe ròl yon Moun ki gen pi bèl kè a, yon kè ki konn kòman pou l renmen padone ak bay fòs. Men kòman l te fè sot tombe anba kwa sa a. Pami tout leson KRIS kite pou mwen, m pataje sa avèk ou. Li sot tonbe anba yon kwa ki pat pou li. Pou moun li tap pote kwa a, gen pami yo ki fwete l san l pa fè yo anyen, ki krache nan figi l san li pa fè yo anyen. Rive yon kote li sot tonbe anba kwa a. Se la m vin konprann egzanp KRIS lan. Gen yon kwa wap pote ki pa pou ou. Ou potel pou sove yon fanmi, yon imilyasyon ou pran pou pitit, papa, manman, madanm, zanmi, yon kwa wap pote pou legliz ou...., malgre li pa kwa ou, ou pote l pou ede, pa etone si menm moun sa yo pouse w anba kwa a, e koz ou tonbe. Kisa wap fè?
Banm di w sa KRIS fè, li leve li kontinye pote kwa a jiskaske li akonpli misyon l. Se gras ak kwa sa a m ka pale ou de sove. Pa jete paw la m pap jete pam lan se gras ak li moun gen pou di glwa pou BONDYE. Wi se kwa sa a ki pou fèn sonje KRIS fèl deja. Lè KRIS te tonbe anba kwa pan lan te gen yon simon ki ede l anba l. Sa ki enteresan se li kounyeya kap ede n anba kwa sa.
leve!!! ranmasel
Kous lan poko fini
KRIS RENMEN NOU🙏🏾🙏🏾
